An n Ayiti, edikasyon se yon chemen ki mennen nan chanjman dirab. Videyo sa a mete aksan sou edikatè ak lidè kominotè ayisyen k ap kreye pwogram dirab ak anrasinen nan kominote a pou elèv yo. Gade kounye a, epi dekouvri lòt vwa pwisan nan videyo ki anba yo.
Digital Promise (Pwomès Nimerik) ap ede kominote riral an Ayiti ranfòse enfrastrikti yo, asire fòmasyon pwofesè epi mete ajou pwogram lekòl yo pou timoun yo resevwa edikasyon nimerik yo bezwen pou reyisi nan 21yèm syèk la.
Blue Butterfly (Papiyon Ble) genyen plizyè pri pou seri animasyon nimerik yo ki ede timoun piti ayisyen aprann konpetans nan lang ak matematik, istwa kiltirèl ak anviwònman natirèl la.
Kowe Vwazen ak Jesyon Etid Kontablite Odit (GECA) sipòte fanm lidè ak antreprenè nan zòn riral Ayiti atravè fòmasyon ak sipò materyèl pou yo ka amelyore byennèt fanmi yo ak kominote yo.
Enstiti pou Devlopman Ayiti travay ak lidè lokal an Ayiti pou ranfòse konpetans yo nan biznis, òganizasyon ak rezo pou yo ka bati estabilite ekonomik pou fanmi yo ak kominote yo.
Laba Apico ap fòme fanm nan sid Ayiti pou yo okipe mach myèl, rekòlte siwo myèl yon fason dirab epi bati ti biznis k ap ede pitit yo jwenn edikasyon ak swen sante yo bezwen pou yo pwospere.
Anseye Pou Ayiti devlope pwofesè-lidè lokal k ap transfòme edikasyon epi enspire angajman sivik atravè Ayiti.
Sant Mondyal pou Timoun Entegral Université Notre Dame nan kolabore ak lekòl ayisyen yo pou sipòte byennèt akademik, emosyonèl ak sosyal elèv yo, pou asire pi jèn elèv Ayiti yo pare pou yo reyisi depi premye jou a.
Swiv Elmandalie, pwofesè 2yèm ane lekòl la, pandan l ap pase premye jou ane lekòl la nan lekòl Saint François d’Assise nan vilaj Corporan.
Pwogram J9 Zanmi Lasante a, òganizasyon sè Partners in Health la, akonpaye manman ki ansent ak nouvo manman ansanm ak tibebe ki fèk fèt yo, ba yo sipò pandan tout gwosès la ak premye ane lavi timoun nan.
Alyans Sistèm Alimantè Ayiti a ap pwomouvwa epi ankouraje efò devlopman ekonomik, sante, anfans ak edikasyon siperyè, rechèch ak jesyon lokal.
Gade diskisyon rankont lan avèk Garcelle Beauvais, aktris, imanitè e ayisyèn ki fyè de li; Prezidan ak Direktè Jeneral WKKF, La June Montgomery Tabron; ak ansyen Premye Minis Ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, prezidan Fondasyon pou Konesans ak Libète, nan Pòtoprens.