Rasin ayisyen

Travay nan Konbit avèk Lidè Ayisyen yo

Pockets of Hope envite w rantre nan konbit la — yon ekosistèm konfyans, vizyon pataje ak ekspètiz lokal. Ansanm, nou sipòte lidè kominote Ayisyen yo, antreprenè ak fanmi yo k ap chanje sistèm edikasyon, sante, ekonomi riral yo ak plis ankò. Patenarya ou a ranfòse lidèchip lokal la epi, li ede elaji sa ki deja ap mache toupatou an n Ayiti.

Reyimajine Edikasyon Ayiti a

An Ayiti, edikasyon sèvi kòm yon chemen pou reyisit endividyèl ak kolektif. Videyo sa a mete aksan sou edikatè Ayisyen yo ak lidè kominotè yo k ap kreye pwogram dirab, ki baze sou kominote a, ki pèmèt timoun yo reyisi andedan ak deyò sal klas la.
 
«Patenarya ak konbit vrèman vle di idantifye diferan fòs ak byen diferan moun ka mete ansanm pou rezoud yon pwoblèm komen».
 

Nedgine Paul Deroly, Anseye Pou Ayiti

Ou prè pou w fè yon diferans?

Enskri pou jounal nou an pou w aprann plis konsènan Pockets of Hope. Kontakte nou nan HaitiPOH@wkkf.org si w ta renmen pale ak ekip Kellogg Foundation nan konsènan Pocket of Hope.