Patisipe

Objektif nou se ogmante envestisman filantropik pou sipòte inisyativ lokal an n Ayiti ki amelyore lavi timoun, fanmi ak kominote yo. Nou konsantre sou angajman sivik, edikasyon, sekirite ekonomik fanmi ak sante manman ak timoun.

Gade sa k ap mache an Ayiti

POH sipòte sistèm ki grandi andedan kominote yo epi ki evolye sou tan. Sa a se yon don ki baze sou konfyans, ki konsantre sou enpak alontèm.  Antanke yon moun ki bay finansman, ou fè pati efò pataje sa a, w ap travay nan konbit pou ede elaji enpak ayisyen yo atravè peyi a.

Patenarya ki bati sou konfyans

Yon entèvyou avèk Porticus

Nan seksyon nou an, nou prezante Christina Kirby, yon ofisye pwogram nan Porticus, ki pataje kijan kominote Ayiti yo ap dirije chanjman sosyal ak kijan filantropi ap sipòte efò sa yo.

Enpak mezirab

Transfòmasyon an ap fèt atravè pwogram ki ankre nan konesans kiltirèl epi ki konstwi an kolaborasyon sere avèk kominote yo. Efò sa yo pran fòm atravè patenarya alontèm ki priyorize konfyans, objektif komen ak solisyon ki enpòtan lokalman. Chif enpak sa yo reflete pwogrè reyèl k ap fèt chak jou.
 

40.5K +

Plis ke 40.5 mil ti kiltivatè nan Haiti Food Systems Alliance te touche prèske 4 milyon dola epi yo te sipòte kominote lokal yo pandan y ap bay 125,000 timoun ak granmoun manje.

54K +

Plis ke 54 mil elèv ak 1,375 edikatè resevwa sèvis nan plis ke 202 lekòl atravè Rezo Lekòl Modèl la.

21K +

Plis ke 21 mil fanm te jwenn aksè a swen obstetrik atravè Ranfòsman Sistèm Sante

«Lè ou envesti nan kapasite moun yo, ou vrèman prepare yo pou siksè alontèm».

Max-Prosper Fortuna, Centre Haitien du Leadership et de l’Excellence

Ou gen plis kesyon sou kijan Pockets of Hope fonksyone oswa kisa sa vle di pou w asosye avèk nou?
 
Vizite FAQ nou an pou jwenn repons sou finansman, enpak ak plis ankò.
 

Ou prè pou w fè yon diferans?

Enskri pou jounal nou an pou w aprann plis konsènan Pockets of Hope. Kontakte nou nan HaitiPOH@wkkf.org si w ta renmen pale ak ekip Kellogg Foundation nan konsènan Pocket of Hope.