Pockets of Hope, se yon kanpay Fondasyon WK Kellogg ansanm ak lòt patnè pou elaji envestisman nan inisyativ lokal ki bati yon avni solid ak ekitab pou timoun, fanmi ak kominote ayisyen yo.
Pockets of Hope konsantre sou devlope sa ki mache an n Ayiti: pwogram ayisyen dirije, lidè kominotè ou ka fè konfyans ak solisyon ki anrasinen nan kilti, ekite ak ekspètiz lokal. Yon inisyativ Fondasyon WK Kellogg, kanpay la angaje moun k ap finanse kanpay la ak kominote yo pou ogmante opòtinite pou timoun ak fanmi yo nan tout Ayiti.
Pockets of Hope se yon kanpay Fondasyon WK Kellogg ansanm ak patnè finansman yo pou elaji envestisman nan inisyativ lokal yo. Se pou n ka bati yon avni solid e ekitab pou timoun, fanmi ak kominote ayisyen yo. Objektif nou se pou nou ogmante enpak la lè nou motive lòt moun k ap finanse pwojè a pou yo angaje yo nan yon travay inovatè an n Ayiti. Kanpay la pral pataje pratik filantwopik efikas; prezante òganizasyon ayisyen k ap kreye, epi fè pwomosyon opòtinite pou timoun ak fanmi yo atravè inisyativ inovatè ak vizyonè; epi bay konsèy sou fason pou sipòte yo nan efò yo.
WKKF angaje 30 milyon dola sou twa zan epi l ap mande lòt finansè yo pou yo angaje ansanm yon lòt 60 milyon dola.
An kolaborasyon avèk lòt finansè, moun ki resevwa sibvansyon ak patnè ki dedye a Ayiti, n ap:
Nan Reyinyon Inisyativ Global Clinton 2023 nan New York, Fondasyon WK Kellogg la te anonse yon «Angajman pou Aksyon». Alix Cantave, Ofisye Pwogram Prensipal la, te pataje WKKF pral envesti 30 milyon dola sou twa zan nan efò lokal pou amelyore opòtinite pou timoun, fanmi ak kominote ayisyen yo, epi li te mande lòt finansè yo pou yo angaje ansanm 60 milyon dola anplis. Nan moman sa a, Fondasyon Digicel, Dunn Family Charitable Foundation ak Porticus te pran angajman tou pou yon total 20 milyon dola.